Accessibility links

Breaking News

Sèvis Imigrasyon Ameriken ap Pare pou Akeyi Plizyè Milye Vwayajè Ayeryen ak Sa k Ap Travèse Fwontyè Terès yo


Ciendos de vehículos esperan para entrar a Estados Unidos por el cruce de Tijuana, México, tras el levantamiento de las restricciones de viaje por la pandemia del coronavirus el 8 de noviembre de 2021.
Ciendos de vehículos esperan para entrar a Estados Unidos por el cruce de Tijuana, México, tras el levantamiento de las restricciones de viaje por la pandemia del coronavirus el 8 de noviembre de 2021.

Jodi lendi 8 novanm lan sèvis imigrasyon ameriken an kòmanse akeyi plizyè milye vwayajè ayeryen ak sakap travese fwontyè terès peyi a pataje ak Meksik e kanada.

Se sèlman vwayajè ki vaksinen totalman kont pandemi COVID-19 la ki kalifye pou antre sou teritwa Ameriken an, apre yon fèmti ki dire depi mas 2020 pou limite pwopagasyon pandemi a.

Nan ayeropò Paris-Roissy an Frans ajan vwayaj yo, te eksprime kontantman yo pa le fèt sitwayen yo kapab rekòmanse vwayaje Etazini.

Entèdiksyon vwayaj la te genyen yon enpak sou ekonomi Ameriken an dapre deklarasyon Todd Knoop, yon pwofesè ekonomi ak biznis nan Cornell College fè. "Mwens popilasyon an vwayaje, se mwens yo depanse donk li gen yon enpak sou ekonomi an nan diferan domèn. Enpak ekonomik la etann li tou sou peyi kote ekonomi yo baze sou endistri touristik la."

Etazini ap fè fas ak yon lòt kategori vwayajè ki se imigran ki soti nan Amerik di Sid, Amerik Santral, Karayib la ak lòt k ap chache travèse fwontyè a san dokiman legal.

Achevèk Ciudad Juarez la, ki te selebre yon mès samdi 6 Novanm, te pale sou kalvè imigran sa yo. "Pou ane 2021 jiska prezan gen plis pase 500 imigran ki mouri pandan y ap mete tèt nan direksyon nò a. Sa tris. Anplis soufrans yo sibi depi yo pati kite peyi yo, frè nou jwenn lanmò. Se pou rezon sa a jodi a n ap lapriye pou sila yo ki mouri ane sa a".

XS
SM
MD
LG