Accessibility links

Breaking News

Ayiti Vinn Tounen Nimewo 1 Peyi Ki bay Plis Migran K ap Chache Azil Meksik


Darien
Darien

Pou ane 2021-an, Ayiti pran devan Ondiras, e li vinn tounen peyi ki bay plis migran kap chache azil nan peyi Meksik

Kantite ayisyen k ap mande azil sou teritwa meksiken-an monte rive nan preske 38,000. Chif-la vin ogmante apre asasina Prezidan Jovenel Moise ke yo te touye 7 jiyè pase a. Apre sa, tranblemann tè te frape seryezman rejyon Gran Sid la nan mitan mwa out pase-a.

Ayisyen yo rasanble pa bann e pa pakèt pou fè demand azil nan biwo komisyon meksiken pou refikye yo.

“Yo poko banou okenn repons, pa menm sou premye pati pwosesis imigrasyon-an. Bagay yo difisil pou nou, yo poko reponn mwen, malgre mgen 2 mwa depi pwosesis la te komanse," Wilzer Joseph, youn nan migran ayisyen yo deklare.

Daniel Berlin limenm, se direkte adjwen ONG ki bay moun aksè ak azil nan peyi Meksik.

“Li parèt klè pou nou ke sa Meksik ta dwe fè , se chache solisyon pou regularize popilasyon ayisyen yo," misye deklare, "e ke otorite meksiken yo pa ta dwe patisipe nan depòtasyon moun nan nenpòt peyi, si se pa migran an li menm ki deside retounen lakay li pou kont li”.

Gen anviwon 2 semen depi yon karavan fòme nan vil Tapachula pou pran direksyon nò Meksik ak posibilite pou rive sou fwontyè Etazini.
Karavan sila a kòmanse rankontre yon seri difikilte tankou kèk imigran tombe malad ak lafyèv.

XS
SM
MD
LG