"Mwen pa janm wè on bagay konsa depi dizan", PDG Digicel la Maarten Boute, di Agence France Presse. "Jodi a, nou gen 430 sou 1,500 branch atravè peyi a, ki afekte plizyè santèn mil kliyan".
Konpayi telefòn lan, kouvri pratikman 75% mache ayisyen an.
Gang yo, ki kontrole yon bon pati nan kapital la bloke wout ki mennen ale nan tèminal petwòl yo, sa ki deranje pandan plizyè mwa distribisyon gaz la sou teritwa a.
Plizyè nan antèn Digicel yo podwi elektrisite pa dèlko tèmik, se poutèt sa yo oblije redwi kapasite yo.
"Nou toujou gen yon ti rezèv gaz ki pèmèt nou, jou an jou, kenbe relè yo nan vil pwovens yo ak sak pi enpòtan nan kapital la", Maarten Boute di AFP. Li presize ke konpayi a itilize motosiklèt pou transpòte gaz nan lokal li yo.
Depi lendi, yon mo d'òd grev paralize kapital ayisyèn an avek plizyè lòt vil nan peyi a, sou apèl sendika transpò piblik yo.
Lekòl ak biznis te kenbe pòt fèmen yè madi a nan Pòtoprens. Mank gaz sa te anpeche medya yo fonksyone tou.
Jacques Sampeur, prezidan asosyasyon nasyonal medya ayisyen an, di AFP: "Gen radyo ki sispann emisyon yo, e gen lòt ki diminye orè fonksyonman yo.
"Medya yo ap mouri. Se on reyalite," Venel Remarais, ki se prezidan Asosyasyon Medya Endepandan an Ayiti deplore.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Agence France-Presse