Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lopital yo ak Sèvis Telekominikasyon Antrave Akoz Rate Gaz


Imaj machin k ap fè la ke pou ache gaz
Imaj machin k ap fè la ke pou ache gaz

Lopital ak sèvis telekominikasyon ann Ayiti avèti ke yo sou risk pou yo fèmen aktivite yo akòz mank gaz nan peyi a, se akoz aktivite gang yo nan kapital la ki fè gen mank gaz sou teritwa a.

Gen moun ki ka mouri si livrezon gaz pa rive fèt san pèdi tan nan lopital yo, kowòdonatè imanitè Nasyonzini an nan peyi a, Pierre Honnorat, deklare dimanch.

Asosyasyon lopital prive an Ayiti, te lanse "yon alèt bay gouvènman Ariel la", a koz sitiyasyon an ki vin konplike. Mank gaz sa afekte sèvis anviwon 40 sant sante, e se moun ki pòv yo ki pwal peye konsekans lan.

Se menm enkyetid la bò kote responsab Médecins San Frontières yo ki prezan sou teritwa a depi 30 an.

Gang yo, ki kontrole yon bon pati nan kapital la bloke wout ki mennen ale nan tèminal petwòl yo, sa ki anpeche pandan plizyè mwa apwovizyonman regilye epi menase sekirite stasyon gaz yo.

Sitiyasyon sa a deja lakoz anpil pwoblem pou kompayi mobil yo, ki gen antèn yo ki vin pa ka travay akoz dèlko yo pa gen gaz.

Lekòl yo ak biznis yo te kenbe pòt fèmen lendi nan kapital la, kote lari a, ki konn an jeneral chaje ak trafik, te blanch apre yon mo d'òd grèv sendika transpò piblik yo te lanse pou pwoteste kont ensekirite k ap ogmante pi plis chak jou nan peyi a. Depi sezon ete a, kidnaping ogmante atravè peyi a.

Youn nan gang ame pi pwisan nan peyi a mande 17 milyon dola ranson pou libere yon gwoup misyonè ak fanmi yo - 16 sitwayen ameriken ak yon sitwayen kanadyen .


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Agence France-Presse

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG