Accessibility links

Breaking News

Nasyounzuni Eksprime Kè Sote pou Rate Gaz la Ann Ayiti


Moun pran kouri pandan lapolis ap tire anle pou dispese yon foul moun ki menase pou mete dife nan yon ponp gaz nan Potoprens, Samdi 23 Oct. 2021.
Moun pran kouri pandan lapolis ap tire anle pou dispese yon foul moun ki menase pou mete dife nan yon ponp gaz nan Potoprens, Samdi 23 Oct. 2021.

Pòt pawòl LONU Stephane Dujarric pale de rate gaz la nan peyi d'Ayiti, ke li di ap afekte lopital yo ak livrezon asistans umanitè pou viktim tranbleman tè yo.

"Barikad ap anpeche kamyon yo livre petwòl, e sa kreye obstak pou moun kap bay sevis esansyèl yo. Sa anpeche popilasyon an gen aksè ak anplwaye oganizasyon umanitè yo," Misye deklare.

Lopital ak sant medikal yo sibi konsekans pi sevè yo.

"Nan Potoprens ak lòt vil yo, lopital yo fe konnen yo prèske pa gen rezèv gaz ankò ke yo bezwen pou jeneratris ki pemèt yo bay sèvis ki ka sove lavi pasyan yo.

Yon manman repoze tou pre pitit li ki fek fet nan lopital pedyatrik Sen Damien an nan Potoprens, Dimanch 24 Oct. 2021.
Yon manman repoze tou pre pitit li ki fek fet nan lopital pedyatrik Sen Damien an nan Potoprens, Dimanch 24 Oct. 2021.


Gen 2 lopital nan kapital la ki pral oblije sispann sèvis pou 300 timoun ak 45 fanm ansent epi 70 lòt pasyan ki nan kondisyon grav si yo pa resevwa gaz disi demen Madi a," pòt pawòl la fè konnen.

"Nou lanse apèl bay tout moun ki gen enfliyans sou sityasyon aktyèl la pou yo fè yon jan pou asire pwodui petwolye yo kapab rive jwenn lopital yo epi pou retabli aksè ak asistans umanitè pou viktim tranbleman tè yo nan sidwès la.

XS
SM
MD
LG