Mezon Blanch fè konnen Etazini ap voye ekip sekou pou dezas nan zòn ki anba kontwol rebèl yo nan lès Libi.
Se dènye nan yon seri devlopman k ap rapwoche nasyon nan loksidan yo ak opozisyon ofisyèl libyen an.
Anvan sa a, Sekretè Deta Etazini Hillary Clinton te fè konnen jedi Etazini ap santre sou efò pou-l bati koneksyon ak opozisyon an nan Libi.
Li pwomèt pou l rankontre ak reprezantan opozisyon an Ozetazini e pandan vwayaj li nan peyi Ejip ak Tinizi, nan semèn k ap vini an.
Madan Clinton te ajoute, yè, Etazini sispann relasyon li ak anbasad Libi a isit Washington e li atann li ke anbasad la sispann opere nan non gouvènman Mesye Gadhafi a.