Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Larisi a Apwove Desizyon pou Mete Restriksyon sou Kèk Medya Etranje


Depite ris yo nan palè lejislatif la nan Moskou, Risi.
Depite ris yo nan palè lejislatif la nan Moskou, Risi.

Chanm depite a nan Larisi, Duma a, vote mèkredi 6 desanm 2017 la pou mete restriksyon sou jounalis Lavwadlamerik ak Radio Ewòp-Lib /Radio Libète.

Depite yo pran desizyon sa a yon jou apre ministè jistis Larisi a fin deziye 9 ògàn laprès ke gouvènman ameriken an finanse kòm “ajan etranje”. Deziyasyon sa a fòse ògàn laprès ameriken yo obeyi menm regleman ki kontwole òganizasyon non-gouvènmantal yo (ONG) ki resevwa finansman etranje, dapre yon lwa ki te pase an 2012.

Konsa, nan nenpòt enfòmasyon medya sa yo ap pibliye pou moun nan Larisi, yo oblije fè konnen ke yo se “ajan etranje”.

XS
SM
MD
LG