Accessibility links

Breaking News

Larisi Jwenn Yuon nan Bwat Anrejistreman Done Avyom Militè Ki Kraze nan Lanmè Nwa a


Madi 27 desanm 2016, otorite peyi Ris yo fè konnen yo jwenn youn nan 2 bwat nwa ki ken enfòmasyon sou vòl avyon militè TU-154 la.
Madi 27 desanm 2016, otorite peyi Ris yo fè konnen yo jwenn youn nan 2 bwat nwa ki ken enfòmasyon sou vòl avyon militè TU-154 la.

Otorite peyi Ris yo fè konnen yo jwenn youn nan 2 bwat nwa ki ken enfòmasyon sou vòl avyon militè ki te tonbe nan Lame Nwa avèk 92 moun ladan.

Aparèy TU-154 la se yon avyon militè ki tap soti nan peri Larisi dimanch 25 desanm nan pou l te ale nan yon baz nan peyi Siri.

Aparèy la te kraze tousuit apre li te fin pran vòl nan aewopò vil Sochi, Larisi. Pami pasaje yo te gen plizyè manm yon koral selèb nan lame ris ki ta pral mete animasyon pandan fèt nwèl la nan baz militè ris la nan Siri.

Lanmè Nwa kote avyon militè Larisi a tonbe epi kraze dimanch ki te 25 desanm 2016 la. (Foto:Reuters 27 desanm 2016)
Lanmè Nwa kote avyon militè Larisi a tonbe epi kraze dimanch ki te 25 desanm 2016 la. (Foto:Reuters 27 desanm 2016)

Avyon militè a te gen tou 9 jounalis televizyon ris ak yon militan dwa zimen ,Elizaveta Glinka, moun konnen kòm Doktè Liza. Nouvèl yo fè konnen militan Glinka ta pral ditribye medikaman bay viktim lagè yo nan Siri. Tout 92 moun ki te abò avyon an te mouri nan aksidan an dimanch pase a.

Larisi anonse operasyon fouy yo ap kontinye jodi madi 27 desanm nan pou chache kadav viktim yo ak dezyèm bwat nwa ki gen enfòmasyon sou aparèy TU-154 la.

Yon dam kap depoze flè nan memwa viktim avyon ris la ki kraze ak 92 pasaje nan mitan Lanmè Nwa tou pre aewopò Sochi, peyi Larisi, dimanch 25 desanm 2016.
Yon dam kap depoze flè nan memwa viktim avyon ris la ki kraze ak 92 pasaje nan mitan Lanmè Nwa tou pre aewopò Sochi, peyi Larisi, dimanch 25 desanm 2016.

Dapre yon evalyasyon preliminè otorite ris yo fè sou aksidan mòtèl sa a, yo plis kwè se swa yon erè pilot oubyen yon pann mekanik ki lakoz li. Otorite ris yo pa asosye trajedi avyon militè TU-154 la ak yon atak teworis.

XS
SM
MD
LG