Accessibility links

Breaking News

Fòs Rus ak Siryen yo Ap Pare pou yon Seselfe pou Fasilite Ed Imanitè yo Rive Nan Alèp

Zòn Aleppo nan peyi Siri
Zòn Aleppo nan peyi Siri

Fòs ame rus ak siryen ap pare pou sa yo rele yon “pòz imanitè” k ap dire 8 èd tan nan vil Alèp nan Siri lindi 17 oktòb 2016 la, dapre ministè defans rus la.

Lyetnan jeneral Sergei Rudskoi ki t ap pale ak repòtè nan Moskou fè konnen fòs rus ak siryen pwal kanpe batay nan zòn Alèp depi 8 è pou rive 4 è apre-midi, 20 oktòb k ap vini an pou sivil ka pale lib, pou evakye moun ki malad ak blese e pou wete konbatan. Misye Rudskoi fè konnen pa pwal gen 2 koridò pou moun kite vil la.

Abitan nan Siri kap ede lòt chape anba frap misil sou yon building nan lès Aleppo . Foto: 17 Oktòb 2016
Abitan nan Siri kap ede lòt chape anba frap misil sou yon building nan lès Aleppo . Foto: 17 Oktòb 2016

Etazini ak kèk peyi ann Ewòp akize Moskou ak Siri ke yo komèt atwosite, men otorite rus yo demanti sa.

Pandanstan, yon nouvo frap aeryen jodi a nan Siri kraze ra-pye tè bilding rezidansyèl nan yon zòn ki anba kontwòl rebel nan pwovens Alèp nan nò peyi-a, kote 23 moun pou pi piti pèdi lavi yo.

Sekretè Deta Ameriken an, John Kerry (D), ak Sekretè Zafè Etranje Britanik lan, Boris Johnson, bay yon konferans pou laprès ansanm apre yon reyinyon sou sitiyasyon an nan peyi Siri. Lancaster House nan London 16 oktòb, 2016

Obsèvatwa Siryen pou Dwa Moun ki baze nan Grand Bretay fè konnen zòn ki pran plis frap yo te nan Qaterji, kote sekouris t ap travay pou rale sivivan anba debri. Nouvo ka lanmò sa yo mete bilan moun ki mouri pandan 24 è pase yo nan 45.

XS
SM
MD
LG