Accessibility links

Breaking News

Brezil Pèdi Devan Almay nan Semi Final Koup di Mond la


Brezilyen, Marcelo, kouche sou teren an apre defèt 7 a 1 Brezil sibi devan Almay nan semi final koup di mond la nan stad Mineirao nan vil Belo Horizonte, Brezil, (8 jiyè, 2014.)
Brezilyen, Marcelo, kouche sou teren an apre defèt 7 a 1 Brezil sibi devan Almay nan semi final koup di mond la nan stad Mineirao nan vil Belo Horizonte, Brezil, (8 jiyè, 2014.)

Fanatik foutbòl Brezilyen yo kriye apre imilyasyon 7 a 1 seleçao la sibi devan Almay sou pwòp teren ni nan semi final koup di mond Brezil 2014 la. Se yon defèt pèsonn pat wè ap vini malgre ekip la pat anfòm. Liy datak ekip almay la te pwofite paswa nan defans brezilyen an pou l make 5 gòl depi nan premye mitan an. Almay, k ap patisipe pou yon 8èm fwa nan yon semi final, ap rankontre an final dimanch 13 jiyè venkè rankont ant La Oland ak Ajantin kap dewoule mèkredi 9 jiyè nan Sao Paulo.

Miroslav Klose, ki make 16èm gòl li nan yon koup di mond, antre nan listwa kòm jwè ki make plis gòl nan yon koup dimond apre Ronaldo ki te make yon total 15 gòl.

An 1998, an Frans, Brezilyen yo te pran yon rakle 3 a 0 devan Lafrans nan match final la. An 1920, brezilyen yo te sibi tou yon gwo defèt 6 a 0 devan Irigweye a nan chanpyona Sid Ameriken ki rele jodi a "Copa America." Dènye fwa Brezil te pèdi a domisil nan yon konpetisyon se te an 1975 lè Pewou te wouze li 3 a 1 nan "Copa America a" nan menm stad kote yo brezilyen yo pèdi madi 8 jiyè a fas ak Almay.

REYAKSYON :

Gen anpil reyaksyon apre defèt istorik sa a: Defansè brezilyen David Luis deklare« nou te vle fè pèp la kontan malarezman nou pat kapab. Nou prezante ekskiz bay pèp Brezilyen an. » Menm jan tou , antrenè Luis Felipe Scolari mande piblik brezilyen an padon pou erè seleksyon an komèt. Prezidant brezilyen an, Dilma Rousseff, deklare sou kont Twitter l: "menm jan ak pèp brezilyen an, defèt sa a fè m tris anpil." Defansè seleçao a,Thiago Sylva, ki te anba yon sispansyon di, se tout ekip la ki koupab, menm li menm ki pat sou teren an. Antrenè seleksyon ajanten an, Alejandro Sabella, di li pa kapab konprann kijan brezil fè sibi yon defèt 7 a 1 devan Almay. Antrenè alman an, Joachim Loew, di li konprann chòk ak doulè Brezilyen yo santi apre defèt la. Ansyen gadyen alman, Oliver Khan, di se desizyon taktik mal kalkile ki responsab defèt 7 a 1 Brezil sibi devan Alman yo.

Yon lòt kote, prezidan Federasyon Brezilyen an, Jose Maria Marin, mete deyò nan vestyè a ansyen foutbolè seleksyon an Cafu nan moman li t ap eseye konsole jwè seleksyon nasyonal la. Cafu jwe 142 rankont pou brezil.

Gran Tit Laprès O Brezil

Desespsyon ak imilyasyon se sa gran tit jounal brezilyen yo reflete:

  • Felipe ale O dyab, al nan lanfè
  • Yon wont pou Letènite…(tankou yon anons pou lanmò, nekwolojik)
  • Brezil mouri 7 fwa
  • Yon nouvo twomatism pou Brezil
  • Yon dlo frèt tonbe sou Seleçao la
  • O Globo di :” Wont, Veksasyon, Imilyasyon “

Fanatik yo te espere efase move souvni final koup di mond 1950 la Brezil te òganize e pèdi an final 1 a 0 devan Irigwe. Fwa sa a Brezilyen yo elimine depi nan semi final konpetisyon an.

  • Chanselye alman an, Angela Merkel , ap prezan nan Rio de Janeiro pou match final Almay la. Madan Merkel ap gen ak li, prézidan fédéral peyi a Joachim Gauck.
  • An plis de mada m Merkel, ap gen plizyè lòt diyitè etranje k ap fè deplasman an; pami yo prezidan pwochen peyi òganizatè koup di mond 2018 la ,La Rusi, Vladimir Poutin.
  • Pou n fini, fanatik Kosta Rika yo te rezève yon bèl akèy pou seleksyon an madi 8 jiyè a ki retounen lakay apre yon bèl pèfòmans nan koup di mond la O Brezil. Kosta Riken yo te elimine nan kar de final la sou tir de penalite fas a La Oland: 4 a 3.

Mèkredi 9 jiyè a fè 8an depi franse Zinedine Zidanne te pran yon katon wouj apre li te lage 2 pye long Italyen Marco Materazzi ak yon kout tèt pandan final koup di mond Almay 2006 nan vil Bèlen. Itali te kale franse yo sou tir penalite pou l ranpòte twofe a.

XS
SM
MD
LG