Accessibility links

Breaking News

Rezo Teworis al-Kaida Genyen yon Nouvo Lidè


Osama bin Laden, left ak Ayman al-Zawahri (foto achiv)
Osama bin Laden, left ak Ayman al-Zawahri (foto achiv)

Rezo teworis Al-kaida fè konnen li chwazi Ayman al-Zawahri, ki te pran nesans nan peyi Lejipt, kòm nouvo chèf rezo a nan plas Osama bin Laden.

Al-kaida poste anons sa a sou yon sit-entènèt islamik. Rezo a pran angajman pou l prese kontinye ak mouvman jihad li a -sètadi yon lagè sent- kont Lèzetazini ak Izrayèl, 2 peyi Ii konsidere kòm « anvayisè enfidèl ». Daprè al-Kaida toujou, rezo a pral kontinye batay la jiskaske «tout lame anvayisè yo va fin pati kite tè Islam nan.»

Ayman al-Zawahri se yon chirijyen k ap genyen 60 tan semèn pwochèn nan. Pandan lontan li te okipe 2èm plas la nan tèt al-Kaida kòm asistan bin Laden. Byen souvan espesyalis nan kesyon teworis konsidere misye kòm prensipal estratèj al-Kaida a e òganizatè nimewo 1 operasyon rezo a.

Anpil analis te prevwa se li ki ta pral pran direksyon al-Kaida aprè yon kòmando delit lame amerikèn te lanse yon operasyon mwa pase a, sou kay kote Osama bin Laden te kache nan peyi Pakistan --operasyon kote bin Laden te pèdi lavi li.

XS
SM
MD
LG