Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Washington Apre Lafrans Te Vote pou Pouvwa Palestinyen an Antre nan l’ UNESCO


Prezidan Barack Obama ak Prezidan fransè a Nicolas Sarkozy nan Somè G20 an (foto achiv)
Prezidan Barack Obama ak Prezidan fransè a Nicolas Sarkozy nan Somè G20 an (foto achiv)

Prezidan Barack Obama di li te itilize yon rakont prive li te genyen pi bonè mwa sa a avèk prezidan fransè a, Nicolas Sarkozi, pou l te fè misye konnen kijan Lèzetazini desi dèske Lafrans te vote pou l pèmèt Palestinyen yo vinn manm Ajans Nasyonzini pou Edikasyon, Lasyans ak Kilti a (UNESCO).

Rankont sa a, ki te dewoule nan dat 3 novanm pase a, te fè gran tit nan nouvèl entènasyonal yo aprè yon aksidan te lakoz fonksyonè palè nasyonal fransè a (Palè Elize a) kite yon gwoup jounalis ki te nan yon sal akote biwo kote 2 lidè yo t ap rankontre a, tande yon pati nan konvèsasyon an.

Pandan jounalis yo t ap swiv tradiksyon konvèsasyon an, yo te tande Misye Sarkozi ki t ap kritike premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ki, daprè sa misye Sarkozi te di, se « yon mantè » ke li pa kapab sipòte.

Alòske 2 prezidan yo pat okouran ke mikwo yo te ouvè, moun te ka santi Misye Obama te yon ti jan pataje opinyon Misye Sarkozi a lè l te reponn pou l di: “Ou pa kapab sipòte Misye Netanyahu; e si w te nan plas mwen? Paske se chak jou mwen genyen pou m travay avèk li”

XS
SM
MD
LG