Prezidan ayisyen an Michel Joseph Martelly retounen an Ayiti apre li te pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York vandredi pase a. Analis ki fè komantè sou diskou a atire atansyon, antwòt, sou 2 pwen : Premyèman, sete yon diskou kout kote lidè ayisyen an rezime, nan anviwon 15 minit, prensipal pwoblèm ki poze nan lemond ak tout defi ki an fas peyi Dayiti. Dezyèmman, delege yo kanpe Misye Martelly plizyè fwa ak bravo yo tap bat pou pozisyon li pran devan pwoblèm ak defi sa yo. Depi vandredi 23 septanm 2011 la, VOA poste sou sit entènèt Sèvis Kreyòl la mesaj Prezidan Martelly prezante devan Asanble Jeneral Nasyon Zini an, avèk yon entèvyou lidè ayisyen an te bay anvwaye espesyal nou Jean Robert Philippe.