Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Kontinye Tonbe Sou Kriz Politik la ann Ejipt


Reyaksyon Kontinye Tonbe Sou Kriz Politik la ann Ejipt
Reyaksyon Kontinye Tonbe Sou Kriz Politik la ann Ejipt

Lidè peyi manm Inyon Ewòp la lanse apèl pou yo mande yon dyalòg ant gouvènman ejipsyen an ak opozisyon an. Responsab an chèf politik entènasyonal Inyon an, Catherine Ashton, pale pou l di li trè zenpòtan pou gouvènman an ak pèp ejypsyen an ale de lavan nan tèt ansanm.

Premye-minis britanik la, David Cameron --k ap patisipe nan yon somè Inyon Ewòp la-- fè konnen Lejipt fèt pou l kòmanse pran dispozisyon pou l garanti yon chemen klè, kredib, e transparan sou wout tranzisyon an.

Misye Cameron ajoute: “ Jiskaprezan, dispozisyon gouvènman Mubarak la pran yo, pa satisfè aspirasyon pèp ejipsyen an.” Lidè Inyon Ewòp la genyen pou yo fè parèt yon deklarasyon an tèt ansanm sou sitiyasyon an ann Ejipt nan fen somè yo a k ap dire yon jou sèlman

Yon lòt kote, lidè siprèm peyi Iran an, Ayataolla Ali Khamenei, fè konnen mouvman leve-kanpe k ap dewoule nan peyi Lejipt la, se yon sign ki montre santiman islamik la byen vivan nan rejyon an.

Li lanse apèl bay sitwayen ejipsyen yo pou l mande yo enstale yon rejim islamik nan peyi yo. Manifestasyon k ap fèt pou mande demisyon Prezidan Mubarak la antre nan 11èm jounen yo vandredi 4 fevriye 2011 la.

Misye Mubarack, k ap dirije Lejipt depi 30 tan, fè konnen li pa prale dèye yon lòt manda, men li vle rete sou pouvwa a jiskaske manda aktyèl li a pran fen, paske, si li pati anvan sa, dezòd yo kapab debouche sou kawo, sou yon sitiyasyon tèt anba nan peyi a.

XS
SM
MD
LG