Ann Ayiti, nan jounen mèkredi 19 janvye 2011 la, 4 ansyen viktim rejim Duvalier a depoze plent yo ofisyèlman kont ansyen prezidan avi a. Viktim sa yo se Michele Montas, madan defen jounalis Jean Dominique, ansyen depite Alix Fils-Aimé (Responsab Komisyon nasyonal Dezamenman, Demantèlman e re-ensèsyon) ) , Dr Nicole Magloire ak Claude Rosier.
Gwoup k ap defann dwa moun gen lontan depi y ap mete presyon pou Mesye Duvalier fè fas ak lajistis pou abu kont dwa moun ki te fèt sou rejim li a, pami yo maspinay ak asasinay plizyè milye moun. Gen akizasyon tou kòmkwa li ta vòlè plizyè milyon dola nan kès leta. Men li pa klè si gen ase prèv pou yo jije Mesye Duvalier pou zak atwosite ki te fèt pandan rejim li a.
Plizyè ansyen manm rejim nan rankontre ak Mesye Duvalier depi li te debake brid soukou ann Ayiti dimanch 16 Janvye. Yves Germain, yon fonksyonè ansyen gouvènman Jean Claude Duvalier deja rankontre l nan 2 okazyon. Meyse Germain, te rankontre la près mèkredi 19 janvye 2011 la a pou l anonse yo Meye Duvalier pat kapab rankontre yo pou rezon lojistik. Mesye Germain di li pa gen oken pwoblèm pou moun depoze plent kont ansyen dirijan an, men fòk yo vini ak prèv pou yo kore plent sa yo.
Mesye Yves Germain ap reponn kesyon Jean Robert Philippe.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Robert Philippe ak Mesye Yves Germain.