Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Entènasyonal Apre Tripoli Tonbe nan Men Rebèl Libyen yo


Premye Minis britanik la, David Cameron
Premye Minis britanik la, David Cameron

Premye Minis britanik la, David Cameron, deklare pwogrè rebèl yo nan vil Tripoli, kapital Libi, ede "Revolisyon Prentan Arab la” nan Mwayen Oryan an tabli kòmansman demokrasi nan rejyon an.

Pandan misye Cameron te pran lapawòl lendi 22 out 2011 la, li di sitwayen britanik yo kwè aksyon rebèl yo sèvi pou evite masak moun inosan nan rejyon an, e La Grand Bretay gen gwo fyète deske li te jwe yon wòl nan revolisyon libyèn nan. Chèf gouvènman britanik la ajoute anvan lontan Lond pral an mezi pou l debloke byen ak pwopriyete gouvènman libyen an, dekwa pou pèp libyen an kapab itilize yo.

Lafrans, bò kote pa l, fè konnen chèf gwoup opozisyon libyen an pral kapab vwayaje a Pari nan 2 zou 3 jou k ap vini la yo. Lafrans se premye peyi ki te rekonèt Konsèy Nasyonal Tranzisyon rebèl yo te mete sou pye a, kòm reprezantan lejitim pèp libyen an.

Ozetazini, Prezidan Barack Obama lanse apèl bay kolonel Mohammar Kadhafi pou l “kite pouvwa a yon fwa pou tout.” Nan yon deklarasyon misye Obama fè parèt byen ta dimanch 21 out la aprè rebèl yo te fin antre nan Tripoli, lidè ameriken an di misye Kadhafi fèt pou l rekonèt li pa genyen okenn kontwòl ankò sou peyi a.

Prezidan Obama ajoute Lèzetazini pral kontinye travay ak kominote entènasyonal la pou apiye yon tranzisyon demokratik pasifik nan Libi, e li lasne apèl bay Konsèy Nasyonal Tranzisyon an pou mande l pran an konsiderasyon enterè tout sitwayen libyen.

XS
SM
MD
LG