Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon apre Lanmò Militant Dwamoun Sonia Pierre nan Repiblik Dominikèn


Lanmò militant dwamoun Sonia Pierre, dimanch 4 desanm 2011 la nan Repiblik Dominikèn, pwovoke reyaksyon ni nan sektè piblik la, ni nan sektè prive a ann Ayiti.

Nan yon kominike Prezidan Michel Martelly fè pibliye, li di gouvènman ayisyen an konsidere lanmò militant dwazimen an kòm yon gwo pèt pou kominote ayisyèn nan nan Repiblik Dominikèn.

Bò kote pa yo, òganizasyon dwamoun yo di lanmò sa a se yon gwo pèt pou koz imigran ayisyen k ap viv nan peyi Panyòl e yo swete lòt militan va kontinye travay Madam Pierre te kòmanse a.

Sonia Pierre te pran nesans nan yon batèy dominiken, men papa l ak manman n sete aysiyen. Li te resevwa anpil distenksyon pou travay li te fè nan domèn defans dwa moun nan. Youn nan òganizasyon ki te onore li, se Fondasyon Kennedy ki baze nan Washington, DC.

Yon delegasyon genyen pou kite Ayiti pou al asiste seremoni antèman an mèkredi 8 desanm nan nan Santo Domingo.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG