Accessibility links

Breaking News

Nòt pou Laprès Gouvènman Ameriken an sou Lanmò Militan Dwamoun Sonia Pierre


Depatman d Eta ameriken fè konnen tristès li apre lanmò militant dwazimen ayisyano/dominikèn Sonia Pierre.

Responsab ameriken yo di Sonia Pierre, fondatris Mouvman Fanm Dominikano-Ayisyèn (MUDHA) se te yon defansè dwamoun ki te gen anpil kouraj.

Madam Pierre te konsakre vi l pou lit kont enjistis kont ayisyen k ap viv nan Repiblik dominikèn. An Mas 2010, Sekretè Deta Hillary Clinton te remèt Sonia Pierre Pri Entènasyonal Fanm Vanyan, ki te onore defen an pou lit li t ap mennen pou jistis sosyal, pou konbat eksplwatasyon ak diskriminasyon, defann diyite desandan ayisyen kap viv an Repiblik Dominikèn yo epi ede kominote ki nan zòn defavorize yo gen lavwa ochapit nan preparasyon avni yo.

Responsab yo nan Depatman Deta prezante kondòleyans yo bay fanmi Sonia Pierre ak tout kominote kote li te konn travay pandan li te vivan nan lit kont enjistis.

Gras ak aksyon Sonia Pierre, limanite vin okouran sò moun ki pa gen patri yo. Gouvènman ameriken an ap kontinye fè efò pou l poze pwoblèm sa a ki menase dwa yon afè de 12 milyon kretyen-vivan a travè lemond ki pa gen aksè ak sèvis enpòtan, tankou swen sante, edikasyon, lojman ki gen sekirite ak bon kondisyon travay.

XS
SM
MD
LG