Sonia Pierre, yon militan dwazimen, defansè dwa ayisyen k ap viv nan Repiblik Dominikèn, mouri nan peyi sa a dimanch 4 desanm 2011 la.
Dapre Pè Edwin Paraison, ansyen minis ayisyen k ap viv aletranje e yon espesyalis nan relasyon ayisyano-donimikèn ki pale avèk Serge Rodriguez, lanmò Sonia Pierre se yon pèt pou kominote ayisyènn nan nan peyi Panyòl.
Pou reyaksyon nouvèl lanmò sa a pwovoke, avèk yon kout-je sou karyè Madam Pierre, Lyonel Desmarattes pale ak Edourad Saint-Jean, yon jounalis ayisyen k ap viv nan Santo Domingo.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute Misye Paraison avèk jounalis Edouard Saint Jean nan mikwo Serge Rodriguez avèk Lyonel Desmarattes respektivman.