Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon ap Tonbe aprè KEP a Ranvwaye dat Piblikasyon Rezilta yo


Reyaksyon ap Tonbe aprè KEP a Ranvwaye dat Piblikasyon Rezilta yo
Reyaksyon ap Tonbe aprè KEP a Ranvwaye dat Piblikasyon Rezilta yo

Desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran pou l retade piblikasyon rezilta eleksyon 20 Mas yo pou lendi 4 avril la soulve kòmantè nan klas politik la e nan mitan sosyete sivil la.

Kèk sektè nan klas politik la fè konnen desizyon sa a bay kè-sote paske yo krenn pou sa pa afekte chwa majorite elektè yo.

Pou yon manm nan sosyete Sivil la, tankou pwofesè Rosny Desroches, se ta yon bon desizyon si objektif responsab KEP yo se evite pwoblèm ki te poze nan 1er tou a.

Pwofesè Desroches di konsèy elektoral la vle aplike rekòmandasyon Òganizasyon Eta Ameriken yo te fè pou evite magouy ak iregilarite. Li reponn kesyon Jean Robert Philippe apre desizyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran pou l pibliye rezilta preliminè eleksyon 20 mas pase a, nan dat 4 Avril olye de 31 Mas.

Pwofesè Rosny Desroches se responsab Inisyativ Sosyete Sivil la reponn kesyon Jean Robert Philippe.

Kllike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Robert Philippe ak Pwofesè Rosny Desroches.

XS
SM
MD
LG