Accessibility links

Breaking News

2 Jounalis, Filipin Maria Ressa ak Ris Dmitry Muratov, Se Gayan Pri Nobel Lapè 2021


Maria Ressa (a goch), ko-fondatris e PDG sit-entènèt enfòmasyon Rappler ki baze nan Filipin, ak Dmitry Muratov, redaktè an chèf prensipal jounal opozisyon an nan Larisi, Novaya Gazeta.
Maria Ressa (a goch), ko-fondatris e PDG sit-entènèt enfòmasyon Rappler ki baze nan Filipin, ak Dmitry Muratov, redaktè an chèf prensipal jounal opozisyon an nan Larisi, Novaya Gazeta.

“Komite Nobel la ap remèt Pri Nobèl Lapè 2021 an bay Maria Ressa ak Dmitry Muratov pou efò yo fè pou yo defann libète lapawòl, kondisyon pou yon demokrasi ak yon lapè dirab. Miss Ressa ak M. Muratov ap resevwa pri sa a pou konba yo livre pou libète lapawòl nan Filipin ak Larisi.” Komite Nobel la.

Komite Nòvejyen Pri Nobel la remèt Pri Nobel Lapè pou ane 2021 an bay jounalis filipin Maria Ressa avèk jounalis peyi Larisi Dmitry Muratov.

Nan yon seremoni ki dewoule nan vil Oslo, kapital La Novèj, prezidant Komite Nobel novejyen an, Berit Reiss-Andersen, anonse gayan Pri Nobel Lapè, edisyon 2021 an.

Komite Nòvejyen Nobel la deside remèt Pri Nobèl Lapè 2021 an bay Maria Ressa ak Dmitry Muratov pou efò yo fè pou yo pwoteje libète lapawòl ki se kondisyon moun dwe aksepte davans pou demokrasi ak yon lapè dirab. Miss Ressa ak Misye Muratov ap resevwa Pri Nobèl Lapè a pou konba yo livre pou libète lapawòl nan Peyi Filipin avèk Larisi.

Maria Ressa nan Maniy, Filipin, 8 oktob 2021.
Maria Ressa nan Maniy, Filipin, 8 oktob 2021.

Komite Nobel la anore jounalis Maria Ressa poutèt li riske vi l pou l defann libète lapawòl epi denonse abidpouvwa, itilizasyon vyolans ak yon rejim gwoponyèt ki sèvi plis chak jou ak zak kraponnay pou l fèmen bouch opozan yo nan peyi natal li. Kòm yon jounalis envestigatif, Miss Ressa, ki se fondatris yon jounal an liyn, fikse atansyon li sou kanpay Prezidan Rodrigo Duterte lanse pou l elimine trafik dwòg nan peyi a.

Jounalis ris Dmitry Andreyevitch Muratov ap pataje pri a avèk Miss Ressa poutèt efò misye ap fè depi plizyè dizèn dane pou l defann libète lapawòl nan Larisi, e l ap fè sa nan kondisyon ki difisil anpil. An 1993, li te fonde jounal endepandan Novaya Gazeta ke l ap dirije kòm redaktè an chèf depi 1995. Yo konsidere jounal sa a kòm medya ki pi endepandna nan peyi a avèk yon liyn editoryal ki pa ezite kritike gouvènman an.

Dmitry Muratov ki t ap rankontre ak laprès devan lokal jounal Novaya Gazeta nan Moscow nan dat 8 oktob 2021.
Dmitry Muratov ki t ap rankontre ak laprès devan lokal jounal Novaya Gazeta nan Moscow nan dat 8 oktob 2021.

Pri Nobèl Lapè a mache ak yon prim yon milyon 100 mil dola ke 2 jounalis yo pral pataje mwatye-mwatye.

Klike sou lyen ki pi ba a pou w suiv vèsyon odyo-vizyèl repòtaj avèk Marie-Luce Pierre.

Pri Nobel Lapè, edisyon 2021 an, al jwenn jounalis Maria Ressa (Filipin) ak jounalis Dmitry Muratov (Larisi)..
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

XS
SM
MD
LG