Accessibility links

Breaking News

Repòtè san Fwontyè Fè Konnen Libète Laprès Sibi Anpil Menas nan Lemond pou Ane 2016 la


Kat jewografik ki montre rapò Repòtè San Fwontyè pibliye sou kondisyon libète laprès nan lemond.
Kat jewografik ki montre rapò Repòtè San Fwontyè pibliye sou kondisyon libète laprès nan lemond.

Repòtè san Fwontyè, yon òganizasyon Non-Gouvènmantal entènasyonal (ONG) kap defann libète laprès nan lemond, fè konnen libète laprès pat janm subi kantite menas li konstate sou planèt la jounen jodi a.

Nan yon rapò anyèl òganizasyon an pibliye nan dat 26 avril 2017 la, li lonje dwèt sou kèk peyi demokratik kote li di libète laprès te sibi yon bès pandan ane 2016 la. Rapò a site kòm prensipal egzanp, kominike gouvènmantal ki fè moun pè, lwa diktatoryal, konfli enterè, e menm itilizasyon vyolans fizik.

Repòtè san Fwontyè di li konstate kèk gouvènman demokratik vyole prensip ki reji libète lapawòl aloske aplikasyon prensip sa yo ta dwe reprezante yon priyorite pou yo.

Pou sa ki konsènen kontinan ewopeyen an, Repòtè san Fwontyè presize pou l di libète laprès sibi pi gwo kou yo nan peyi ki genyen yon rejim gwo ponyèt, tankou Lapolòy, La Ongri, ak Latirki.

XS
SM
MD
LG