Accessibility links

Breaking News

Repibliken yo Pare pou Wetire Depite Omar nan Komisyon Afè Etranje a


Foto Achiv: Depite Ilhan Omar (Demokrat Minnesota) pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 25 Janvye 2023.
Foto Achiv: Depite Ilhan Omar (Demokrat Minnesota) pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 25 Janvye 2023.

Repibliken nan Lachanm Depite Etazini, ki kontwole Kongrè a kounyea pare pou yo wetire depite Demokrat Ilhan Omar nan Komisyon Zafè Etranje a.

Repibliken yo vle wetire depite nwa a, ki pran nesans nan Somali, sou komisyon an akoz komantè li te fè pou kritike Israel. Kèk obsevatè konsidere mezi sa a tou kom repons kif kif pou desizyon Demokrat yo te pran pou wetire Repibliken zèl dwat yo sou komisyon Jidisyè a akoz komantè vyolan yo te fè. Depite Lachanm yo pral vote sou kestyon an Mèkredi.

Lidè Lachanm Kevin McCarthy vle montre pouvwa Repibliken yo genyen kounyea nan nouvo lejislati a. Li deja bloke 2 lot Demokrat - Adam Schiff ak Eric Swalwell (ki reprezante Kalifoni nan Lachanm Depite) kom manm Komisyon Ransèyman an.

Depite Omar prezante eskiz li pou komantè li te fè sou Israel e li deklare mezi Repibliken yo vle pran kont li ap fèt pou "rezon politik".

XS
SM
MD
LG