Accessibility links

Breaking News

Medsen Lejis Deklare 'Lanmò Ansyen Prezidan René Preval Se yon Mò Natirèl'


Prezidan-eli Rene Preval pandan yon konferans nan peyi Brezil. 10 mas 2006. (Foto: AP/Eraldo Peres)
Prezidan-eli Rene Preval pandan yon konferans nan peyi Brezil. 10 mas 2006. (Foto: AP/Eraldo Peres)

Rezilta definitif otopsi ki fèt sou kadav ansyen prezidan Rene Preval la revele se yon (Bronconeumopatie Chronique obstructive) ki koz lanmò dapre deklarasyon medsen Lejis la, Armel Demorcy.

Kilke sou lyen odyo a pou tande deklarasyon Dr. Demorcy a.

Deklarasyon Dr. Armel Demorcy sou koz lanmò ansyen prezidan Rene Preval
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:00 0:00

Yon lòt kote komisè gouvènman Pòtoprens lan, Ocname Clame Dameus, fè konnen li fèmen dosye a akoz kondisyon pou ankèt la ta kontinye pa reyini.

Klike sou lyen odyo pou w tande deklarson Mesye Dameus la.

Deklarasyon Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Ocname Clame Dameus, sou ankèt sou koz lanmò ansyen prezidan René Preval
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:28 0:00

René Préval te premye prezidan ki te eli demokratikman pandan 2 fwa, e ki te rive remèt pouvwa a pasifikman bay yon lòt prezidan eli apre chak manda 5 kan li yo jan manman lwa peyi a mande sa.

Ansyen prezidan 2 manda Ayiti a te rann dènye soupi li vandredi 3 mas 2017 la apre yon malèz li te santi pandan li te nan rezidans prive li nan Pétion-Ville, yon banlye kapital la. Lanmò san zatann sa a te soulve sispisyon nan mitan fanmi ak zanmi ansyen òm deta a.

Komisè gouvènman Pòtoprens alepòk la, Mèt Danton Léger, te anonse yon ankèt sou vrè koz lanmò an akò ak madan ansyen prezidan an. Mèt Léger te fè konnen yo ta pral fè etid aletranje sou plizè ògan nan kò defen an, yon fason pou rive jwenn vrèman vre ki sa ki touye ansyen prezidan an.

XS
SM
MD
LG