Minis afè etranjè End ak Pakistan lanse apèl pou mande yon nouvo relasyon kowoperativ ant 2 peyi yo nan moman y ap fè premye rankont yo depi chita tande lapè yo rekòmanse nan kòmansman ane sa a.
Aprè chita-tande ki dewoule nan kapital endyènn nan, New Delhi, minis afè etranjè endyen an, Somanahalli Mallaiah Krishna di relasyon yo sou bon chemen. 2 otorite yo antann yo pandan rankont yo a pou yo travay ansanm pou konbat terorism e pou yo ogmante komès antre yo.
Anvan rankont la, Minis Krishna te di jounalis yo kowoperasyon avèk Pakistan nan enterè lapè, non sèlman pou 2 nasyon yo, men pou tout rejyon an e menm pou pi lwen toujou.