Prezidan peyi Birmani an, Thein Sein deklare nan jounal The Washington Post refòm demokratik yo pap kanpe e li mande peyi oksidantal yo leve sanksyon k ap peze sou do peyi a.
Prezidan Sein di Birmani deja satisfè pifò ekzijans peyi oksidantal yo poze yo --tankou liberasyon pifò prizonye politik yo, eleksyon ki fikse pou Avril epi pèmisyon pou lidè opozisyon an Aung San Suu Kyi fè pati gouvènman an.
Lidè Birman an pa ekate posibilite pou Madanm Sui Ky –ki se yon Loreya Pri Nobèl La Pè -- vinn manb kabinè ministeryèl la yon jou.