Accessibility links

Breaking News

Rebèl Libyen yo ap Vanse sou Tripoli


Rebèl Libyen yo ap Vanse sou Tripoli
Rebèl Libyen yo ap Vanse sou Tripoli

Rebèl yo nan Libi fèk lanse yon gwo atak sou yon rafinri petwòl nan Zawiya, yon vil ki a lwès Tripoli, nan kad efò y ap fè pou yo dechouke nan zòn nan fòs gouvènmantal k ap defann lidè peyi a, Mohammar Khadafi, epi kontinye mache sou kapital la.

Rafinri Zawiya, ki sou yon distans 50 kilomèt ak Tripoli, se youn nan ra sous petwòl ki ale jwenn twoup gouvènmantal yo ak moun k ap viv nan kapital la. Daprè yon kòmandan rebèl, konbatan yo deja koupe gwo tiyo ki sèvi pou pran gaz nan rafinri a e mennen li nan Tripoli; men okenn sous endepandan pa konfime nouvèl sa a.

Jounalis ki nan zòn nan di yon bon pati nan vil la anba kontwòl rebèl yo. Mèkredi 17 out la, fòs k ap defann rejim Khadafi a te vide gwo kout-zam sou Zawiya kote kèk fran tirè ki nan rafinri a te tire sou konbatan rebèl yo.

XS
SM
MD
LG