Prezidan izrayelyen an, Shimon Peres, ak prezidan ameriken an, Barack Obama, ap rankontre madi 5 avril 2011 la nan Lamezon Blanch kote yo pral fè chita-tande sou plizyè kesyon.
Youn nan kesyon yo gen pou abòde yo se pwosesis lapè izraelo-palestinyen an ak leve kanpe ki genyen nan rejyon Mwayen-Oryan an .
2 lidè ap genyen yon “dejene-de-travay “ nan Lamezon Blanch menm jan sa te fèt lè lidè izrealyen an te vizite Washington an 2009 .
Lendi 4 avril la , responsab yo nan Jeruzalèm te anonse apwobasyon preliminè pou preske mil nouvo inite pèpleman jwif nan rejyon ki an diskisyon nan pati lès vil la ---yon desizyon ki ka kreye nouvo tansyon pandan rankont 2 prezidan yo nan Washington.