Accessibility links

Breaking News

Yon Rankont nan OEA sou Kriz Venezuela a Fini San yon Vòt sou yon Deklarasyon Final


Lese frape nan ant manifestan anti-gouvènman ak fòs sekirite yo nan Karakas, Venezuela, mèkredi, 31 me, 2017.
Lese frape nan ant manifestan anti-gouvènman ak fòs sekirite yo nan Karakas, Venezuela, mèkredi, 31 me, 2017.

29èm Rankont Konsiltasyon Minis Afè Etranjè Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) dewoule mèkredi 31 me 2017 la, nan katye jeneral oganizasyon rejyonal la, nan Washington DC kote chèf diplomasi yo tap panche sou sitiyasyon kriz politik peyi Venezuela a. Rankont lan ki te dire plizyè èd tan te fini san yon antant. Sepandan, peyi manm yo pwomèt pou kontinye deba a.

Nouvèl yo rapòte, plizyè peyi manm Kominote Karayib la (CARICOM) ki nan OEA tou pa fin dakò ak pozisyon lòt gwoup nan òganizasyon an ki pa wè solisyon kriz la menm jan avè yo. Peyi manm yo admèt gen yon kriz nan Venezuela. Sepanda yo pa fin antann yon sou kouman pou rezoud li. CARICOM pa kwè sitiyasyon Venezyela a bezyen yon entèvansyon entènasyonal.

Pandanstan, Sekretè Deta Adjwen Etazini pou afè politik, Thomas Shannon, ki te pran lapawòl pandan 29è rankont OEA a, denonse sa l rele konpòtman gwo ponyèt ak pèsekisyon politik administrasyon Maduro a fè sou popilasyon sivil la kote li di yap arete moun ilegalman, fèmen nan prizon lidè opozisyon yo san rezon, jije sivil nan tribinal militè, fè vyolan lans sou moun kap manifeste nan lari e latriye.

Yon jou avan rankont OEA a, Depatman Deta Ameriken te fè soti yon nòt ki te pale de yon tele konferans 2 otorite wo-plase isit Ozetazini te fè egzatteman sou sitiyasyon an nan Venezyela.

Dapre nòt la, Lèzetazini apiye yon apwoch nan tèt ansanm ant peyi nan rejyon an pou ede Venezuela jwenn yon solisyon pasifik e demokratik pou pwoblem li yo. Rankont Mekredi a, se premye nan istwa l'OEA kote minis afè etanje peyi ki nan Emisfè Oksidantal la rasanble ansanm pou yo santre atansyon yo sou Venezuela. E sanble se pap dènye rankont la sou peyi sa a.

Ak rankont sa a, sitwayen nan Venezuela kapab rekonèt ke yo pa pou kont yo, men ke emisfè a kanpe an solidarite avèk yo. Nòt Depatman Deta a di: "Sa kap pase jounen jodi a nan peyi sa a, se yon bagay ki pa ni demokratik ni akseptab. Le fèt ke l'OEA ap analize pwoblem ki gen rapò ak obligasyon peyi Venezuela e sitou le fèt ke oganazisyon an ap fè sa nan nivo ministeryèl, se yon devlopman ki vrèman enteresan.”

XS
SM
MD
LG