Accessibility links

Breaking News

Rankont entènasyonal konsènan Libi


Sekrete Jeneral Nasyonzini an ban Ki moon ak delege kap patisipe nan rankont gwoup kontak entenasyonal pou Libi a nan Qatar
Sekrete Jeneral Nasyonzini an ban Ki moon ak delege kap patisipe nan rankont gwoup kontak entenasyonal pou Libi a nan Qatar

Plizyè diplomat ap prepare yo pou yo rankontre, mèkredi 13 avril 2011 la, nan peyi Qatar, pou yo kowòdone yon reyaksyon entènasyonal pou konfli libyen an, nan moman Lafrans ak Lagrand Bretay lanse yon apèl prese prese bay alyans l’OTAN an pou mande l ranfòse atak ayeryen l ap mennnen kont fòs gouvènmantal yo k ap atake popilasyon sivil la.

Manm yon gwoup ki rele “Gwoup Kontak Entènasyonal pou Libi” ---k ap rankontre pou la premyè fwa ap reyini ansanm reprezantan peyi oksidantal yo ak delege gouvènman rejyonal yo ki montre apui yo pou opozisyon an nan Libi.

Konsèy Tranzisyon Nasyonal la rebèl yo fòme, fè konnen l ap voye yon delegasyon nan rankont la, e sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, ap prezan tou.

Ansyen minis afè etranjè libyen Moussa Koussa, ki kite Lagrand Bretay nan avyon, pral patisipe kom konseye gwoup la.

Madi 12 avril la, minis afè etranjè fransè a, Alain Juppé, te fè konnen l’OTAN pa fè efò ase pou l fè fòs kap defann rejim Kadhafi a sispann touye sivil nan zòn ki anba men rebèl yo.

Gwoup asistans entènasyonal yo lanse avètisman pou di pral genyen yon kriz imanitè nan Misrata, 3èm pi gwo vil libyèn nan.

Anfen, Minis defans Lafrans la, Gerard Longuet, deklare, san yon patisipasyon total Lèzetazini, fòs l’OTAN yo pap kapab anpeche konbatan ki fidèl ak Kadhafi yo atake vil ki anba men rebèl yo.

Sou pwen sa a, otorite ameriken yo pale madi 12 avril 2011 la pou yo di Lèzetazini pa gen plan pou li ogmante patisipasyon militè l nan Libi, e l’OTAN pa mande Washington pou l fè sa non plis.

XS
SM
MD
LG