Accessibility links

Breaking News

Rankont ant Lidè Ameriken yo Sou Bidjè Peyi a


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, gen pou l konvoke nan La Mezon Blanch mèkredi 6 avril 2011 la gwo lidè nan kongrè a pou yon 2èm jounen chita-tande sou kesyon pou yo ka wen yon akò bidjè pou ane 2011 la.

Prezidan an te rankontre prezidan chanm dè reprezantan an, John Boehner ak lidè majorite nan sena a, Harry Reid pandan 90 minit madi 5 avril 2011 la.

Aprè rankont sa a, prezidan an di jounalis yo sa pa ta gen eskiz si Repibliken ak demokrat yo pa reyisi fè yon konpromi sou demand bidjè yo.

Si yo pa reyisi antann yo sou yon bidjè bò fen semèn nan, sa ka pral oblije plizyè santèn fonksyonè tonbe nan yon chomaj teknik .

XS
SM
MD
LG