Accessibility links

Breaking News

Peyi Arab Ini Rejte Akizasyon Kòmkwa li Ta Fè Zak Pirataj sou Medya Gouvènman Qatar la

Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson, agoch, ak Minis Afè Etranjè Qatari la, Sheikh Mohammed bin Abdulrahman Al Thani, adwat, pandan yon konferans pou laprès nan Doha, Qatar, 11 jiyè 2017. (Alexander W. Riedel/US State Department via AP)

Emira Arab Ini demanti ke li te fè zak piratri sou ajans nouvèl leta a nan Qatar. Sepandan otorite yo nan kapital Qatar la, Doha, fè konnen yo gen konfyans nan yon rapò ki enplike Abu Dhabi nan ensidan an ki te deklannche yon kriz diplomatik nan Gòlf Pèsik la nan mwa me pase a.

Dapre sa jounal Washington Post te rapòte nan dat 16 jiyè 2017 la, depi semèn pase a responsab sèvis ransèyman ameriken yo te okouran ke Emira Arab Ini sete sèvo (mastèbrenn) zak piratri kap fèt sou sit Entènèt gouvènman an nan Qatar ki la pou nouvèl ak rezo sosyal yo, kote pirat yo afiche mesaj yo epi yo fè yo pase kòm pawòl Emir Qatar la.

XS
SM
MD
LG