Accessibility links

Breaking News

Peyi Quatar Fè Konnen li Gen Kapasite pou l Kenbe Ekonomi li Malgre Lap Fè Fas ak yon Chirepit Diplomatik


Minis Finans peyi Quatar ls, Ali Sherif al-Emadi
Minis Finans peyi Quatar ls, Ali Sherif al-Emadi

Minis Finans peyi Quatar la eksprime konfyans li nan kapasite peyi a pou l kenbe ekonomi li sou 2 pye l pandan li nan yon chire pit diplomatik ak yon gwoup peyi ki koupe relasyon ak li, semèn pase a.

Nan yon entèvyou ki pase madi 12 jen 2017 la sou chèn televizyon CNBC, Ali Sherif al-Emadi deklare gen kèk defi, men ke Quatar ap mennen aktivite l jan li abitye fè. Li ajoute ke peyi ki anonse ke yo sispann relasyon ak li, pami yo Arabi Saoudit, Bahrain, Emira Arab Ini ak Ejip, yo fè fas ak pwòp difikilte pa-yo akoz dega ki fèt sou biznis nan rejyon-an.

Nasyon ki koupe relasyon ak Quatar, yo akize l kòmkwa li sipòte militan islamis ak peyi Iran. Quatar di akizasyon sa yo san fondman.

XS
SM
MD
LG