Accessibility links

Breaking News

Pwotestasyon Kontinye Kreye Konfli Nan Libi


Manifestan yo nan Libi kontinye pwoteste kont lidè peyi a
Manifestan yo nan Libi kontinye pwoteste kont lidè peyi a

Fòs sekirite nan Libi tire gaz lakrimojèn sou manifestan ki t ap manifeste nan kapital la pandan batay malouk ap dewoule ant fòs rebèl ak militè yo nan youn nan prensipal pò petrolye nan Lès peyi a.

Twoup ki fidèl ak lidè libyen an, Mouammar Khaddafi, tire gaz lakrimonjèn sou plizyè santèn manifestan anti-gouvènmantal ki te pran lari apre lapriyè vandredi a. Sèten pami manifestan yo t ap chante slogan: "Khadaffi, se lennmi Bondye”.

Afwontman dewoule tou ant fòs k ap apiye Khadaffi yo ak sa ki kont lidè libyen an nan pò petwolye Ras Lanuf, nan lès peyi Libi. Pandansetan, ajans laprès di gen temwen ki fè konnen genyen moun mouri nan lwès peyi a, pi egzateman nan vil Zawiya, aprè yon lese-frape ant sipòtè fòs opozisyon ak sila k ap apiye gouvènman an.

Manifestasyon opozisyon an dewoule tou jodi nan vil Benghazi, ki se yon bastyon rebèl.

XS
SM
MD
LG