Accessibility links

Breaking News

Pwosè yon Gwo Avoka Dwazimen nan Lachin Atire Atansyon Loksidan ak Ewop

Li Wenzu, madanm Wang Quanzhang, kenbe foto fami li a, disidan dwa zimen yo arete e ke Peken ap jije poutè li tap defann mouvman relijye Falong Gong-nan ki entèdi nan peyi Lachin. 17 desanm 2018. REUTERS/Thomas Peter.

Pwosè yon gwo avoka dwazimen nan Lachin tanmen mèkredi 26 desanm 2018 la anba akizasyon konplo kont sirte leta. Mèt Wang Quanzhang twouve l pami plizyè santèn militan dwazimen ak avoka chinwa ki anba kòd nan kad yon operasyon sere boulon gouvènman santral Peken an te lanse kont disidan depi mwa jiyè 2015 ki te pote tit operasyon 709.

Mèt Wang Quanzahang tap defann mouvman relijye Falong Gong-nan ki entèdi nan peyi Lachin. Plizyè douzèn polisye deplwaye devan tribinal kote pwosè a ap dewoule a nan vil Tanjin ki nan rejyon nò peyi a.

Lachin kontinye rejte repwòch peyi oksidantal ak ewopyen yo kap kritike l pou fason li jere dosye dwa zimen. Nan pwosè Mèt Wang Quanzhang a, moun espere wè prezans plizyè diplomat oksidantal devan tribinal la.

XS
SM
MD
LG