Lajistis kòmanse nan peyi Lejip pwosè ansyen Prezidan Hosni Mubarak ki prezante nan tribinal mèkredi 3 out 2011 la, prèske 6 mwa aprè li te pèdi pouvwa a kòm rezilta yon revolisyon ki t ap mande refòm demokratik nan peyi a.
Pandan seyans la ki dewoule nan kapital la, Lekèr, Misye Mubarak te kouche sou yon kabann yo te mete anndan yon kaj responsab yo fè bati an fas lokal tribinal la pou tout akize ki mele nan afè a.
Ansyen lidè ejipsyen an genyen pou l reponn akizasyon dèske li te pase lòd pou yo touye manifestan anti-gouvènmantal pandan revolisyon ki te debouche sou dechoukay li a. Prèske 900 moun te mouri nan mouvman leve-kanpe sa a.