Lèzetazini ak alye li yo ogmante atak yo kont sòlda ki an favè gouvènman an nan Libi. Lidè libyen an, Moammar Khadafi pwomèt pou l repouse lenmi eta Kretyen yo.
Minis defans Etazini an, Robert Gates di nan kèk jou konsa, Washington gen pou l remèt kontwòl misyon an bay yon kowalisyon petèt ki ka gen nan tèt li swa La Frans, la Grand’Bretay oubyen l’Otan.
Yon lòt kote, Sekretè Jeneral Lig arab la kritike atak ayeryen kominote entènasyonal la lanse sou Libi, yon semèn apré ke oganizasyon an te mande Nasyonzini pou l enpoze yon zòn kote avyon pa gen dwa vole nan Nasyon Afrik di Nò a.
Sekretè Jeneral Lig Arab la, Amr Moussa di dimanch 29 mas 2911 la, atak ayeryen milité yo sou Libi ale pi lwen pase sa Lig Arab la te vle lè li te mande pou yon zòn kote avyon pa gen dwa vole a.
Li di jounalis yo nan vil Lekèr ke gwoup la te vle pwoteje sivil yo, men pa lage bonm sou yo. Minis defans fransè a anonse ke Qatar ap voye avyon pou ede operasyon entènasyonal la kont Moammar Khadafi.