Accessibility links

Breaking News

Putin Pap Asiste Fineray Gorbachev


Nan foto sa a ke televizyon Larisi pran Prezidan Vladimir Putin rann yon denye omaj a ansyen lide Sovyetik Mikhail Gorbachev nan Moskou, Larisi.
Nan foto sa a ke televizyon Larisi pran Prezidan Vladimir Putin rann yon denye omaj a ansyen lide Sovyetik Mikhail Gorbachev nan Moskou, Larisi.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin rann omaj a ansyen lide Sovyetik la Mikhail Gorbachev men li pap asiste fineray misye pandan wikènn nan. Desizyon sa a reflete atitid Kremlen an vizavi eritaj Gorbachev kite dèyè.

Pot pawol Kremlen an, Dmitry Peskov di skedil Putin pap pèmèt li asiste fineray la Samdi, e li ajoute lidè ris la Jedi te vizite lopital kote yo te kenbe kadav Gorbachev la pou'l te depoze flè sou sèkèy li.

Peskov di ap gen "eleman" yon fineray d'eta tankou gad onorè epi gouvenman an va ede yo oganize lantèman Gorbachev. Li pa di kijan fineray sa ap diferan ak lot fineray nasyonal yo.

XS
SM
MD
LG