Accessibility links

Breaking News

Youn nan Diskisyon Prezidan Etazini an ak li Lidè Chinwa a nan Mar-a-Lago Se Pral sou Frennen Anbisyon Nikleyè Kore di Nò a


Prezidan Donald Trump bay lanmen ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping avan yo chita pou yon dine nan Mar-a-Largo, jedi, 6 Avril 2017, nan rejyon Palm Beach, Florid. (Foto:AP/Alex Brandon)
Prezidan Donald Trump bay lanmen ak Prezidan Chinwa a Xi Jinping avan yo chita pou yon dine nan Mar-a-Largo, jedi, 6 Avril 2017, nan rejyon Palm Beach, Florid. (Foto:AP/Alex Brandon)

Prezidan Etazini an, Donald Trump, salye Prezidan chinwa a, Xi Jinping, nan klib vakans li nan Mar-a-Lago, eta Florid pou yon somè kap dire 2 jou. Lidè Ameriken an espere mete presyon sou Peken pou fè l mete fren nan devlopman zam nikleyè Kore di Nò a.

Mesye Trump ki te pale ak jounalis yo abò avyon Air Force One nan avan rankont li a Mesye Xi Jinping pat tounen sou pawòl li te di avan an. Nan kòmansman semèn nan Prezidan Trump te fè konnen: “Si Lachin pa pral rezoud pwoblèm Kore di Nò a, nap fè l." Administrasyon Prezidan Trump la konsidere mete sanksyon sou bank ak konpayi chinwa ki bay Pyongyang aksè nan finansman entènasyonal.

Lachin founi Kore di Nò prèske tout petwòl li, manje enpòte, ak matyè premyè ki sèvi pou pwogram zam li. Responsab peyi chinwa ta sanble bouke tou ak anbisyon militè lidè Kore di Nò a.

XS
SM
MD
LG