Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch Defann Videyo Montaj Ki Montre Prezidan Trump Kap Lite ak yon Jounalis CNN


Prezidan Donald Trump pandan li tap pral pran lapawòl nan seremoni sou libète "The Celebrate Freedom event" nan Kennedy Center for the Performing Arts nan Washington, 1 jiyè, 2017.
Prezidan Donald Trump pandan li tap pral pran lapawòl nan seremoni sou libète "The Celebrate Freedom event" nan Kennedy Center for the Performing Arts nan Washington, 1 jiyè, 2017.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, piblye dimanch 2 jiyè 2017 la sou kont Twitter li, sa anpil moun konsidere kòm yon seri atak lokatè Lamezan Blanch lan kontinye ap fè kont laprès ameriken. Mesaj la montre yon lit libre (kidonk yon montaj videyo), kote Mesye Trump ap takle yon pèsonalite chèn televizyon CNN epi benyen li ak kout pwen.

Responsab yo nan chèn televizyon CNN la denonse videyo a ke yo kalifye kòm yon fabrikasyon tou pi. Imaj la montre yon logo CNN sou tèt nèg Misye Trump ap bat nan videyo a.

Sepandan, bò kote pa l, konseye Lamezon Blanch pou sekirite teritoryal la, Tom Bossert, ki tap patisipe pandan menm jounen dimanch la nan pwogram enfòmasyon ki pote non THIS WEEK ki pase chak semèn sou chèn televizyon ABC, rejte lide kòmkwa video a reprezante yon atak dirèk sou laprès.

XS
SM
MD
LG