Prezidan Etazini an, Donald Trump, fè konnen li "pi detèmine ke jamè pou l rapouswiv lapè nan mond la” apre chita koze li sot fè sou yon pakèt sijè ak Pap François nan Vatikan.
Mezon Blanch fè konnen 2 pati yo te diskite sou jan kominote relijye yo ka konbat soufrans moun nan lye tankou Siri, Libi ak teritwa ki anba kontwòl gwoup Eta Islamik la.
Prezidan an afime Etazini ak Sen Syèj la pataje kèk prensip fondamantal e ke yo tou le 2 ap chache angaje yo nan nivo mondyal pou ankouraje respè pou dwa moun, konbat soufrans moun e pwoteje libète relijyon dapre yon deklarasyon ki soti nan Mezon Blanch.