Ann Ayiti, Prezidan René Préval rejte jedi 23 desanm nan tout solisyon ki pa respekte konstitisyon an ak lwa elektoral la pou wete peyi a nan kriz l ap travèse depi piblikasyon rezilta eleksyon 28 novanm yo. Nan yon rankont ak laprès, chèf-deta ayisyen an pwononse l kont yon 2èm tou eleksyon avèk 3 kandida.
Korespondan nou Clarens Renois di nou plis.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.