Accessibility links

Breaking News

Prezidan Peyi Ajantin nan Gen Maladi Kansè


Prezidan ajantin nan, Cristina Fernandez de Kirchner kap pale nan kongrè a ak nouvo vis prezidan li a Amado Boudou
Prezidan ajantin nan, Cristina Fernandez de Kirchner kap pale nan kongrè a ak nouvo vis prezidan li a Amado Boudou

Nan peyi Ajantin, otorite yo fè konnen doktè jwenn prezidan Cristina Fernandez de Kirchner genyen kansè nan tiroyid.

Daprè yon pòtpawòl gouvènman an ki t ap pale ak laprès madi 27 desanm 2011 la, yon dyagnostik te dekouvri kansè a semèn pase a, pandan lidè Ajantinn nan t al fè yon vizit routin kay doktè.

Daprè medsen yo, time a pa gaye nan pati vital kò Madanm Kirchner ki genyen pou l sibi yon operasyon nan dat 4 janvye 2012 la. Aprè sa, l ap pran yon konje maladi k ap dire jous nan fen mwa janvye a.

XS
SM
MD
LG