Prezidan Ajantin nan, Cristina Fernandez de Kirchner, ap sibi yon operasyon chirijikal pou kansè nan tiwoyid mèkredi 4 janvye 2012 la.
Operasyon sa a ap dewoule nan yon lopital nan Buenozè. Prezidan an ap sispann tout aktivite administratif jis nan dat 24 janvye pwochen.
Vis Prezidan an, Amado Boudou, ap asire enterima jiskaske Madam Kirchner, ki gen 58 tan, va fin reprann ni nèt.
Pandan Madam Kirchner t ap pare pou li antre lopital, patizan l yo òganize madi swa yon veye devan lopital la.
Mwa pase a doktè te dekouvi yon kansè nan tiwoyid lidè ajanten an. Yon pòtpawòl gouvènman an di pa gen siy ki montre kansè a ta gaye nan kò Madam Kirchner, kidonk gen gwo posibilite pou l jwenn tretman.
Prezidan Cristina Fernandez de Kirchner te monte sou pouvwa a an desanm 2007. Li te re-eli nan mwa oktòb ane pase a.