Accessibility links

Breaking News

Prezidan Abbas Mande Nasyonzini Pou l Rekonèt yon Eta Palestinyen


Prezidan Mahmoud Abbasak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon (AP Photo/Seth Wenig)
Prezidan Mahmoud Abbasak Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon (AP Photo/Seth Wenig)

Prezidan palestinyen an Mahmoud Abbas ka mande Nasyon Zini ofisyèlman pou l rekonèt yon eta palestinyen kòm manm entegral òganizasyon mondyal la, malgre opozisyon Etazini ak Israel.

Msye Abbas rejte tout apèl ki mande l abandone efò pou Palestinyen yo gen yon eta, e li fè konnen l ap remèt aplikasyon an bay Sekretè Jeneral lONU an, Ban Ki-moon, vandredi 23 septanm 2011 la.

Anvwaye ki soti nan quatuo sou Mwayenn Oryan an ka reyini, vandredi, sou kesyon pou rekòmanse negosyasyon ant Israel ak Palestinyen yo. Etazini ak Israel ap mete presyon sou manm Konsèy Sekirite yo pou yo swa vote kont plan an oubyen pa vote sou li lè moman vòt la rive.

Menm si Palestinyen yo rive jwenn apui Konsèy la, Etazini pwomèt pou l poze veto sou plan an.

XS
SM
MD
LG