Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Resewa Premye Minis Cameron nan La Mezon Blanch


Prezidan Obama Resewa Premye Minis Cameron nan La Mezon Blanch
Prezidan Obama Resewa Premye Minis Cameron nan La Mezon Blanch

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak Premye Minis britanik la, David Cameron, pale pou di relasyon ant Lèzetazini ak Lagrann Bretay se relasyon ki espesyal. Lidè sa yo te abòde dosye rapò ant 2 peyi yo nan yon dine deta La Mezon Blanch te òganize mèkredi swa pou Misye Cameron k ap vizite Lèzetazini. Plis pase 300 envite te prezan nan dine sa a. Nan deklarasyon Prezidan ameriken an ak Chèf Gouvènman britanik la fè pou laprès aprè dine a, yo abòde sitiyasyon an nan Afganistan. Daprè Misye Obama, Lèzetazini pa p chanje kalandriye li fikse pou l wete twoup militè li yo nan peyi azyatik la. Lidè ameriken an di:

“Pou sa k konsènen kalandriye a, mwen pa prevwa, nan moman nap pale la a, nou pral fè okenn chanjman presipite, okenn chanjman an plis nan plan nou genyen jounen jodi a."

Daprè plan ki egziste jounen jodi a, twoup l’OTAN yo genyen pou yo transfere bay lame afgan an responsablite sekirite a nan Afganistan nan ane 2014. Misye Cameron, li menm tou, di li rete optimis; daprè li, jounen jodi a Afganistan pa gen plis menas k ap peze sou li pase jan te ye anvan. Chèf gouvènman britanik la deklare:

“Si ou konpare kote nou ye jounen jodi a ak kote nou te ye sa genyen 2 zan oubyen 3 zan, nou kapab di sitiyasyon an amelyore anpil-anpil."

Premye Minis Cameron ak Prezidan Obama te abòde tou divès lòt pwen nan sitiyasyon an atravè lemond, san bliye operasyon sere-boulon Prezidan Bashar al-Assad mete sou pye kont pwòp pèp li nan peyi Siri. Yo lanse avètisman bay Misye Assad pou di li pa gen lontan ankò pou l fè sou pouvwa a, e moun ki responsab vyolans k ap dewoule nan Siri a pral genyen pou reponn pou zak sa yo.

XS
SM
MD
LG