Prezidan Barack Obama deklare li pral bay detay sou yon plan pou l ankouraje kreyasyon travay ak kwasans ekonomik nan yon mesaj li pral mete devan Kongrè a nan dat 8 septanm pwochen.
Akoz yon mezantant ki te genyen ant Pati Demokrat la (pati Misye Obama a) ak Pati Repibliken an (pati majoritè a nan Chanm Depite a), se sèlman mèkredi 31 out 2011 la 2 kan yo rive antann yo sou dat pou Prezidan an prezante nan Kongrè a pou l mete mesaj li a devan palmantè yo.
Vrèmanvre, nan jounen mèkredi a laprès an patikilye, ak piblik la an jeneral vin okouran mezantant ki te genyen ant La Mezon Blanch ak lidè Chanm dè Reprezantan an, Repibliken John Boehner, sou jou kote Prezidan Obama kapab prezante nan Kongrè a pou l fè diskou a.
Premye dat La Mezon Balnch te pwopoze a se mèkredi 7 septanm; men misye Boehner di, daprèzavwa se jou sa a menm palmantè yo ap sòti an vankans, li ta pi bon pou misye Obama prezante pito yon jou aprè --swa jedi 8 septanm.
Byen ta nan jounen mèkredi a otorite yo nan La Mezon Blanch fè konnen yo dakò pou yo chanje dat la.