Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pral Bay Detay sou yon Plan Retrè Sòlda Ameriken ki nan Afganistan yo


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan Barack Obama genyen pou l anons mèkredi 22 jen 2011 la premye faz yon retrè twoup militè Lèzetazini ki nan Afganistan yo.

Nan faz sa a yon afè de 10 mil sòlda kapab kite peyi azyatik la anvan fen ane 2011 la.

Laprès site kèk otorite nan Pentagòn nan (kidonk, Depatman Defans Lèzetazini an) ki ta di kòmkwa misye Obama pral mande retrè yon premye gwoup k ap gen 5 mil òm ladan n; ansuit yon lòt gwoup 5 mil sòlda ta genyen pou kite Afganistan pou bay yon total 10 mil militè sou yon peryòd k ap pran fen anvan ane a bout.

Sepandan, pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, pale ak laprès madi pou l di moun pa ta fèt pou kouri fè sipozisyon, paske yo ta dwe tann pou yo konnen kijan Prezidan Obama pral ekzekite estrateji retrè li te anonse nan mwa desanm 2009 la kote li te pale de yon plan pou l diminye pwogresivman efektif militè Lèzetazini genyen nan Afganistan.

XS
SM
MD
LG