Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama nan Wout pou Ostrali


Prezidan Obama nan Wout pou Ostrali
Prezidan Obama nan Wout pou Ostrali

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pran direksyon peyi Ostrali kote li pral diskite kesyon ekonomi ak sekirite avèk dirijan ostralyen yo.

Misye Obama kite Eta Hawaii (Eta kote li te pran nesans) madi aprè midi, apre somè Kowoperasyon Ekonomik Azi-Pasifik la.

Lè li va rive Canberra demen, misye Obama va rankontre ak premye minis ostralyen an, Julia Gillard anvan yo bay yon konferans pou laprès ansanm.

Jedi li va pran lapawòl devan palman Ostralyen an anvan li pran direksyon vil Darwin, kote li dwe anonse pwojè li genyen pou l tabli yon nouvo baz pou kò merinn ameriken an nan rejyon an 11.

XS
SM
MD
LG