Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ak Ostrali Siyen yon Akò sou Kowoperasyon Militè


Prezidan ameriken an Barack Obama ak Premy eminis ostralyen an Julia Gillard
Prezidan ameriken an Barack Obama ak Premy eminis ostralyen an Julia Gillard

Lidè peyi Etazini ak Ostrali anonse yo siyen yon akò ki pral pèmèt twoup militè ameriken al pran pozisyon sou tèritwa ostralyen an. Vrèman vre, Prezidan ameriken an, Barack Obama, k ap vizite Ostrali, bay ansanm avèk premye minis ostralyen an, Julia Gillard, yon konferans pou laprès kote 2 lidè yo bay jounalis yo detay sou akò a.

Madam Gillard di:

“Ostrali byen pare pou l resevwa plizyè gwoup mèrin kap genyen ladan yo ant 200 a 250 manm ki pral pran pozisyon nan Tèritwa Nò a kote y ap kapab rete pandan 6 mwa. Pandan ane yo ap pase, nou gen plan pou n ranfòse relasyon sa a jiskaske twoup yo va rive nan yon efektif 2 mil 500 zòm konsa. Se yon fòs ki pral kapab mennen aksyon total-kapital ni anlè, ni atè."

Premye minis Gillard ajoute akò a pral pèmèt avyasyon militè Lèzetazini itilize baz ayeryen peyi Ostrali. Bò kote pa l, Prezidan Obama deklare akò a pral bay Lèzetazini plis fasilite pou l lanse operasyon imanitè e satisfè bezwen moun ki viktim dezas natirèl nan rejyon Azik-Pasifik la, menm jan sa pral ranfòse kapasite peyi a pou li fè fas ak defi ki ka poze nan domèn sekirite a.

Prezidan Obama deklare:

“Deplwaman sòlda sa a, kote yon gwoup mèrin pral ranplase yon lòt regilyèman, se yon bagay ki trè enpotan; paske, sa li pèmèt nou fè, se non sèlman ranfòse kapasite nou e resere kowoperasyon ant 2 peyi yo, men tou sa pral pèmèt nou satisfè egzijans yon kantite peyi asosye nan rejyon an ki bezwen antrènman, ki bezwen egzèsis. Yo ta renmen konnen Lèzetazini prezan pou l kenbe sekirite nan rejyon an.”

Prezidan Obama fini pa di akò amerikano-ostaralyen an pral rann li pi fasil pou fòs militè Lèzetazini antrene lame divès peyi ki nan rejyon Azik-Pasifik la, epi ekipe peyi ki pi piti yo yon fason pou yo kapab fè fas pi fasilman ak kriz ki ka poze lakay yo.

XS
SM
MD
LG